Soti 22 pou rive 26 fevriye 2017, kat manm ki soti nan HAWG vwayaje an Ayiti. Manm sa yo se te  : Elaine Zuckerman pou Gender Action, Joel Kupferman pou Inisyativ pou yon Jistis sou Anviwònman, Maurice Bloem pou Church World Service (Sèvis Legliz Mondyal) ak Jayce Hafner, pou Legliz Episkopal. Tav Hafner te kameramann delegasyon an. Vwayaj an Ayiti sa a vini apre vizit tou dènyèman Minis ayisyen an nan Anviwònman, Direktè sou kesyon Tè ak Ekosistèm nan Ministè Anviwònman ak Koòdonatè Platfòm Sosyete Sivil ayisyen sou Chanjman Klima. Yo te vin nan Washington DC nan mwa janvye pou yo ka fè yon pledwaye pou mande bay plis atansyon avèk bezwen Ayiti nan zafè anviwònman ansanm ak lòt defi Peyi a nan yon kontèks chanjman nan klima. Sa  se yon rezime yon paj sou Konklizyon ak rekòmandasyon HAWG fè dapre sa li te obsève pandan vwayaj sa :

Gwoup Travay avèk Pledwaye an Favè Ayiti

Haiti Advocacy Working Group (HAWG)

Rekòmandasyon bay gouvènman Etazini ak Enstitisyon Finansye Entènasyonal (Enstitisyon Finansyè Entenasyonal)

Sou envitasyon Minis ayisyen pou anviwònman an, Simon Desras, kat (4) manm Gwoup Travay avèk Pledwaye an Favè Ayiti, ki gen ti non l ki rele HAWG,  vwayaje nan Ayiti 22 pou rive 26 Fevriye 2017. Yo ale nan yon seri de zòn enpòtan (tankou biwo administratif nan Parc Makaya nan Okay -Les Cayes, nan Lafèm Wynne-Wynne Farm nan Kenskoff, Lak Kolinè nan Plato Santral, ak Baraj Idwoelektik Pelig). Misyon yo se te pran plis enfòmasyon de fason pou sipòte efò HAWG ap fè pou sipòte ak defann dwa anviwònman nan Ayiti. Delege yo te angaje yo nan chita pale ak plizyè entèlokitè, tankou lidè kap travay sou pwoteksyon  anviwònman, reprezantan nan kominote lokal yo, ak ofisyèl gouvènman; Delege yo resevwa temwayaj epi yo wè ak je yo dega ki fèt apre pasaj Ouragan Matye, ak sechrès kontinyèl; Delege dokimante pi bon pratik agrikòl ak konsèvasyon teren nan Ayiti. Sou baz obsèvasyon sa yo ak dyalòg yo te genyen ak aktè local yo, HAWG fè prepare yon seri de rekòmandasyon pou Gouvènman Etazini ansanm ak EFE nan efò pou tabli règleman pou pwoteksyon anviwònman, agrikilti dirab, epi ede popilasyon an adapte l pou ka diminye zefè chajman klimatik nan Ayiti.

Agrikilti ak Pratik Konsèvasyon Tè kiltivab

Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal (USAID) ak Enstitisyon Finansyè Entènasyonal yo ta dwe kontinye bay priyorite ak prezèvasyon tè kilitivab ansanm ak pwodiksyon, pandan yap ankouraje pwodiksyon lokal ki ap finalman mennen nan amelyore rejim alimantè kominote yo. Konsa, Òganis sa yo ta dwe ankouraje tou pwopwiete piblik ansanm avèk yon jesyon nan tèt kole de enfrastrikti sou anviwònman yo (ki gen ladan dlo ak sistèm sanitasyon ak rejyon bò lanmè ak bò rivyè yo).

Chanjman Klimatik,  Kontwole Dega li fè ak Sipò pou meyè Adaptasyon

Kongrè Ameriken an pre pou li adopte yon lejislasyon pou diminye efè chanjman klimatik la pandan yap sipòte Eta kap devlope yo pou ede yo adapte  anba move efè chanjman nan klima a. An Ayiti, efè devastatè nan chanjman nan klima yo evidan, li parèt nan  agrikilti, konsèvasyon tè yo, ak sou sektè sosyal la. Nou ankouraje manm nan Kongrè yo aji pou sipòte Ayisyen ki plis afekte avèk efè chanjman nan klima. Manm Kongrè a ta dwe respekte  angajman Etazini pran pou l bay USD $ 3 milya dola sou plis pase 10 an nan Fon Vèt pou Klima, epi pou yo adopte yon lwa ki pou dimnye emisyon gaz ki lakoz efè tèmik (gaz a effet de serre) nan Etazini .

Inegalite sou Jan

An majorite, nan Gouvènman Ayisyen, Eli yo ak moun Leta nome yo se Gason. Nan sans sa a, Enstitisyon finansyè entenasyonal ak Depatman Deta Ameriken an ta dwe ogmante finansman yap bay, yon manyè pou pèmèt toutotan sa  sa posib Minitstè kap Travay sou Anviwònman an Ayiti nan Kowòdinasyon ak lòt Ministè kle, an patikilye Ministè sou Kondisyon fanm, antre nan politik yo ak aksyon yo  kesyon sou jan. Tou de, Minsitè Anviwònman avèk Minsitè sou Kondisyon Fanm yo pa gen ase lajan pou travay yo gen pou yo fè a, alòs ke si Minsitè sou Kondisyon Fanm ranfòse lap kapab ede Minsitè Anviwònman ansanm ak lòt ministè adrese pwoblèm sou jan nan Ayiti.

Tè Tit ak Tè ki Sezi

Yon seri Sezi teren ki fèt san yo pa respekte lalwa menase efò kap fèt pou konsève ak pwoteje anviwònman an Ayiti (sityasyon nan Lafèm Wynne-Wynne Farm nan montre sa), sityasyon sa a menase tou sekirite alimantè a an Ayiti. Pwoblèm sa a ki toupatou an Ayiti egziste avèk konplisite politik oubyen ak patisipasyon ofisyèl gouvènman an. Nou ankouraje Biwo Anvwaye Espesyal Etazini an Ayiti pou l bay plis atansyon ak sipò legal avèk moun ki afekte pa kriz sa a an Ayiti.

Photos: